Aller au contenu

Charlie Chaplin

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Charles Spencer Chaplin fèt yon jou ki te 16 avril nan lane 1889. Paran li ki rele Charles ak Hannah, se te de atis mizik òl (music-hall). Yo vin arive separe avan l gen twa lane. Madan Chaplin te bat dlo pou l fè bè pou l leve Charles ak premye pitit gason li an Sydney pitit deyò li a, malgre sante li pat fin nòmal ( yo te vin fèmen nan lopital sikyatri). De frè yo te ap viv nan lamizè, yo pase pi fò tan nan anfans yo nan enstitisyon pou endijan.

Lè Charles gen dis lane li vin kòmanse karyè pwofesyonèl li nan yon twoup timoun dansè klakèt ki te rele " Eight Lancashire Lads". pandan plizyè lane li jwe wòl Billy nan pyès Sherlock Holmes , se pandan Charles ap jwe wòl sa na yon sal teyat nan West End , nan vil Lonn li kòmanse fè non l epi li vin ap fwote ak yon pakèt gwo aktè ki vin aprann dramatiji.

apre kèk tan Charlie te vin entegre yon lòt twoup "Casey's Circus", kote li vin briye gras ak anpil imitasyon komik selèb li yo.

Yo te vin rekrite l nan twoup Fred Karno a, pi gwo enpresaryo britanik nan espektak kabarè. Gras ak talan komik eksepsyonèl Chaplin yo li vin tounen atis k ap mennen nan konpayi Karno a.

Nan fen lane 1913 la pandan yon toune nan mizik òl meriken yo Mack Sennett wè Charlie epi li tou angaje l nan Keystone Comedy Company nan Hollywood. La menm yon seri metraj long ak metraj kout kòmanse . Charlie kreye kostim ak makiyaj pèsonaj li a ki pral fè l pi selèb nan espas yon lane, li pran chemen glwa ak yon afeksyon ki entènasyonal okenn lòt komedyen pat janm konnen anvan sa.

An bat je li ap soti nan yon konpayi al nan yon lòt, anmezi lap pase nan konpayi anmezi l ap touche plis kòb san l pa sispann chèche yon otonomi kreyatif. Apre Keystone Company, li entegre Essanay Film Manufacturing Co. epi Mutual film Company.

Nan lane 1918, li vinn arive monte pwòp estidyo pa li, en 1919 li vin ko-fondatè, avec Douglas Fairbanks, Mary Pickford ak D. W. Griffith yon mezon distribisyon endepandan ki rele United Artist. Gras ak chedèv tankou l'émigrant, Charlot soldat, le KId ou La ruée vers l'or, Chaplin bay komedi a yon lòt dimansyon non sèlman ak ekstrawòdinè talan jwèt aktè li a osinon kreyativite l, men tou nan domèn etid karaktè, emosyon ak stati sosyal ki prezan nan fim li yo[1].

  1. « Charlie Chaplin (aktè) ». 2025-10-25.